Objektif ak Òganizasyon Ministè Fòmasyon Disip Nazareyen Entènasyonal se yon gid pratik pou òganizasyon ak devlopman ministè Fòmasyon Disip Nazareyen Entènasyonal nan legliz lokal la. Sijè yo enkli: Ministè Fòmasyon Disip Nazareyen Entènasyonal (DNI). Plan travay lokal, Fòmasyon pwofesè fòmasyon disip yo, Mouvman Pwisan Lekòl Dimanch la, Lide pou Pwomote Lekòl Dimanch ak Ti Gwoup, Ministè Fòmasyon Disip pou Ti moun, Jèn, ak gran moun ak DNI pou lavni.
Liv sa a se yon pati nan Seri liv Lekòl Lidèchip. Seri liv Lekòl Lidèchip la fèt nan objektif pou bay legliz la yon zouti pou fòmasyon, preparasyon ak kwasans manm li yo pou yo kapab entegre yo aktivman nan sèvis kretyen selon don ak apèl (vokasyon) yo resevwa nan men Senyè yo.
Lekòl Lidèchip la gen senk Kou Debaz, komen pou tout ministè yo, ak sis Kou Espesyalize pou chak ministè. Objektif jeneral Lekòl Lidèchip la se: “Pou kolabore ak legliz lokal la nan ekipe “sen yo pou travay ministè yo”, simante yo nan konesans biblik teyolojik solid epi devlope yo nan egzèse don yo pou sèvis kongregasyon lokal yo ak nan sosyete a”. Objektif espesifik pwogram sa a se twa:
• Devlope don ministeryèl kongregasyon lokal la.
• Miltipliye ministè sèvis nan legliz la ak nan kominote a.
• Reveye vokasyon pou ministè pwofesyonèl divèsifye a.
Objektif Espesyalite sa a ki rele “Disip Kretyen” an se pou fòme moun ki gen don pou yo vin disip e ki vle patisipe nan Gran Komisyon an, men ki pa gen yon edikasyon ministeryèl pwofesyonèl. Leson yo nan sis liv sa yo te ekri pa misyonè, pastè, ak pwofàn atravè rejyon Mezoameriken an e se dezi otè yo pou chak elèv resevwa yon vizyon ki rich sou Gran Komisyon an ak fòmasyon pou anseye lòt pou Kris la. Nou espere ke Bondye pral glorifye atravè kou sa yo e ke chak elèv ap grandi nan preparasyon yo ak sèvis yo kòm yon travayè efikas nan travay li.
Ou ka telechaje lòt liv nan Seri liv Lekòl Lidèchip sa a isit la: https://www.mesonaz.org/fr/package/lekol-lidechip-senk-kou-debaz/
Fichier | Action |
---|---|
Objektif Ak Òganizasyon Ministe Fomasyon DNI.pdf | Télécharger |