Fòmasyon Disip Nazareyen Entènasyonal (DNI) nan Legliz Nazareyen an gen ladan li ministè espesifik ki eseye satisfè bezwen moun yo selon laj yo.
Nan Ministè Timoun yo, gen yon sèl estrikti ki vizyalize objektif li ak devlopman li ki baze sou akonplisman manda biblik la nan Pwovèb 22:6: “Bay yon ti moun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'” (VJ).
Bezwen ijan ke ti moun yo fè fas anba enfliyans nan anviwònman sosyal la ki parèt tèlman atiran ak dinamik, men lwen ansèyman espirityèl vre, fè legliz la, atravè ministè nan mitan timoun yo, chèche mekanis kreyatif ak enteresan ki atire atansyon nan timoun nou yo LABIB epi dekouvri ansèyman li genyen pou lavi yo, pou prezan yo ak avni yo. “Depi ou te tou piti ou konnen sa ki nan Liv Bondye a. Se liv sa a k'ap ba ou bon konprann, bon konprann ki fè moun rive delivre, gremesi konfyans yo gen nan Jezikri” (2 Timote 3:15, VJ).
Lè w ap li Pawòl Bondye a, epi lè w konnen egzanp tankou Jozyas, ki te gen uit an te oblije pran lidèchip pèp li a (2 Wa 22:1), li klè pou w konprann pèsonn pa twò piti pou l pran l. verite yo seryezman ak obeyisans, e ke se responsablite nou montre yo bay timoun yo pi vit posib.
Manyèl sa a prezante tout definisyon, deskripsyon, règleman ak lide nan Ministè Konkou Biblik pou timoun yo (MKBT), konplètman refòme. Modalite ki’n ganny adopte avek sa reform i bokou pli atiran, dinamik e motivasyon. Li gen entansyon ankouraje, anplis memwa, refleksyon, ekspresyon atistik ak anpil lòt ladrès konesans ak sikomotè, kidonk bay mwayen pou timoun yo ka devlope talan yo sèvi Senyè a.
Nou espere ke itilizasyon materyèl sa a pral yon benediksyon pou legliz la epi, menm jan ak lòt materyèl DNI pibliye nan Rejyon Mezoamerik, li pral sèvi kòm sipò ak konsiltasyon pou moun ki kòmanse nan MKBT a epi bay legliz ki mande li a.
Fichier | Action |
---|---|
MKBT - Manyel.pdf | Télécharger |
MKBT Manyèl Vityèl.pdf | Télécharger |