Estrateji aktyèl ki gen pou wè ak Fòmasyon disip yo bay yon gid etap pa etap pou aplike ministè disip nan legliz la. Ministè disip la dwe fèt ak objektif, plan ak estrateji ki kouvri tout kongregasyon an. Liv sa a eksplike kijan pou akonpaye moun pandan y ap travèse diferan etap devlopman espirityèl yo, nan objektif pou mennen yo nan yon angajman de pli zan pli pwofon anvè Jezi, li menm ki se Kris la, pèp li a, lavi sakre a ak misyon an.

Liv sa a se yon pati nan Seri liv Lekòl Lidèchip. Seri liv Lekòl Lidèchip la fèt nan objektif pou bay legliz la yon zouti pou fòmasyon, preparasyon ak kwasans manm li yo pou yo kapab entegre yo aktivman nan sèvis kretyen selon don ak apèl (vokasyon) yo resevwa nan men Senyè yo.

Lekòl Lidèchip la gen senk Kou Debaz, komen pou tout ministè yo, ak sis Kou Espesyalize pou chak ministè. Objektif jeneral Lekòl Lidèchip la se: “Pou kolabore ak legliz lokal la nan ekipe “sen yo pou travay ministè yo”, simante yo nan konesans biblik teyolojik solid epi devlope yo nan egzèse don yo pou sèvis kongregasyon lokal yo ak nan sosyete a”. Objektif espesifik pwogram sa a se twa:
• Devlope don ministeryèl kongregasyon lokal la.
• Miltipliye ministè sèvis nan legliz la ak nan kominote a.
• Reveye vokasyon pou ministè pwofesyonèl divèsifye a.

Objektif Espesyalite sa a ki rele “Disip Kretyen” an se pou fòme moun ki gen don pou yo vin disip e ki vle patisipe nan Gran Komisyon an, men ki pa gen yon edikasyon ministeryèl pwofesyonèl. Leson yo nan sis liv sa yo te ekri pa misyonè, pastè, ak pwofàn atravè rejyon Mezoameriken an e se dezi otè yo pou chak elèv resevwa yon vizyon ki rich sou Gran Komisyon an ak fòmasyon pou anseye lòt pou Kris la. Nou espere ke Bondye pral glorifye atravè kou sa yo e ke chak elèv ap grandi nan preparasyon yo ak sèvis yo kòm yon travayè efikas nan travay li.

Ou ka telechaje lòt liv nan Seri liv Lekòl Lidèchip sa a isit la: https://www.mesonaz.org/fr/package/lekol-lidechip-senk-kou-debaz/


Télécharger
FichierAction
Estrateji aktyèl ki gen pou wè ak Fòmasyon disip yo.pdfTélécharger