Liv edikasyon kretyèn pou jèn avèk gran moun yo Edikasyon jèn avèk granmoun yo se yon gwo defi; se yon defi ke nou dwe pran kòm responsablite ak angajman. Bondye rele nou pou nou anseye epi li vle itilize nou nan transfòmasyon lavi moun. Jounen jodi a, ou genyen nan men ou ‘‘Chemen Verite a’’, yon resous ki vrèman enpòtan pou fòme moun yo nan lavi ke y’ap mennen nan lafwa.

Liv sa a ki elabore pou monitè ak monitris yo genyen 52 leson ki genyen anpil tèm biblik ki modèn epi ki aplikab pou lavi chak jou atravè fèy aktivite yo ki genyen plizyè kesyon ki pral pouse clas la reflechi. Devlopman leson an pral ede ou konprann tèm nan avèk pwofondè epi pataje li nan yon fason ki klè ak dinamik avèk klas ou a.

Pou w pi byen etidye, ‘‘Chemen Verite a’’ genyen ladan li kat tèm ki òganize an kat trimès. Chak trimès genyen 13 leson. Tèm ke nou pral etidye nan okazyon sa a se sa a yo :

•Pwosesis Bondye a avèk pèp li a (Ezayi)

•Lafwa ak lavi kontanporèn nan

•Mesaj enpòtan pou legliz la (1 ak 2 Korentyen)

•Pinisyon ak rekonpans (Ezekyèl)

Chak tèm sa yo ki, biblik epi modèn, se pral yon gid ki pou ede w nan fòmasyon disip yo nan imaj Kris la.


Télécharger
FichierAction
Chemen Verite A #13.pdfTélécharger